Tradiksyon “Didaché” an Kreyòl Ayisyen.

Tradiksyon “Didaché” an Kreyòl Ayisyen.

Fonti. 1- Umberto Mattioli, did, lett di ign d’antiochia, a Diogneto, ed paoline, 2005.

2- Emile Besson.ed:

Les Amitiés Spirituelles

B.P. 236 - 75624 PARIS Cedex 13

Tradiktè (Tradutore/Traducteur) : Rubens Pierre.

Didachè

I

1. Gen de chemen, chemen lavi-a ak chemen lanmò a, gen yon kokenn chenn diferans nan mitan de chemen sa yo.

2. Sa-a, se chemen lavi a : se pouw renmen plis pase tout bagay Bondye ki few la, apre sa renmen pwochenw lan tankou pwòp tèt paw ; e tout sa ou pa ta renmen yo few, ni oumenm tou paf è lòt la li.

3. De pawòl sa yo vle di yon pakèt bagay : beni sila yo ki ap madichonnenw, priye pou lèmiw yo, fè jèn pou sila yo kap pèsekitew ; paske, ki merit wap genyen siw renmen moun ki renmenw ? petèt ke menm payen yo rive fè sa ? Nou menm se pou nou renmen moun ki rayi nou e pinga nou kenbe lènmi. 4. Rete lwen plezi lachè yo. Si yon moun baw yon sabòk nan bò figi dwèt ou, vire lòt la bal itou, e wa vi-n pròp nèt. Si yon moun mandew pou w mache avèl mil koude, mache ak li demil koude. 5. si yon moun ale ak manto ou, bal chemiz la tou. Si yon pwochen pran zafè ou, pa mandel li, paske se pa mès ou. Bay tout moun ki mandew sanw pap tann an retou, paske Papa-a vle pou tout moun patisipe nan kadol yo. Se chans pou sila ki bay jan granmèt la mandel la, paske li san repròch. Se pou sila kap resevwa Fè atansyon, si yon moun resevwa paskel nan nesesite li pa koupab de anyen, men sil pa nan bezwen la va rann kont de sal te resevwa. Li va ret nan prizon, reponn pou zak li yo e li pap soti toutan l pa finn peye dènye santim lan. 6. Se sak fè pawòl la di: se pou lacharite a fè swè nan menw jispaskew konn kiyès ki merite ou bay li.

II

1. Jan prinsip lalwa mandel la: 2. pinga-w tiye, pigaw fè adiltè, pigaw kòronpi lespri timoun, piga-w vòlè, pa nan fè maji, ni nan ba moun pwazon, pi gaw nan jete pitit, ni nan tiye timoun ki fèk fèt; pa mete lidew sou zafè pwochenw lan. 3. Pigaw nan fè fo sèman, pa pale moun mal, ni kenbe moun nan kè. 4. Pigaw gen de lide, ni de pawòl, paske depale ka lakòz lanmò. Pawòl ou pa dwe gen manti ladan-l, ni li pa dwe pawòl van, men li dwe fè yonn ak sa wap fè. 6. Ou pa dwe visye, renmen tout pou ou sèl, ni ipokrit, ni kòken, ni djòlè, pa panse mal pwochenw nan. 7. Ou pa dwe rayi pèsòn, men gen moun wa va bay konsèy, gen lòt se priye wa priye pou yo ; genyen wa renmen plis pase nanm ou.

III

1. Pitit mwen, rete lwen tout sa ki mal ak tout sa ki sanble avèl. 2. Piga ou renmen fè kòlè, paske sa ka lakòz ou tiye moun, ou pa dwe jalou, ni renmen pale anpil, ni brigan, paske se nan bagay sa yo tiye moun soti. 3. Pitit mwen, pa lage kòw nan plezi lachè, paske sa mennen nan fònikasyon ; pa pale move pawòl, pa jije moun ak prezonpsyon, paske se nan bagay sa yo adiltè yo soti. 4. Pa chache chans nan zwazo kap vole, paske sa ka lagew nan adore zidòl, pa bay cham, pa lage kòw nan etidye zetwal, ni nan pran beny sipèstisyon, ou pa dwe anvi wè, ni anvi tande bagay sa yo, paske yo ka fèw tonbe nan adore zidòl. 5. Pitit mwen, piga-w mantè, paske bay manti ka fèw tonbe nan vòl ; ni renmen richès tròp, ni renmen glwa paske tout bagay sa yo mennen nan vòl. 6. Pitit mwenn, piga-w nan pale anba anba, paske sa ka few desan-n valè moun, piga-w derespektan, ni gen move lide, paske se nan bagay sa yo difamasyon soti. 7. Men se pouw dosil, paske moun dosil yo ap eritye tè a. 8. Se pouw gran nan lespriw, gen mizerikòd, san kòken, renmen lapè, debyen e toujou gen krent pou pawòl sa yo ou sot tande a. pa fè djolè pou tèt ou, ni pa sekwa, pa mare nanm ou ak grandizè yo men le ret bò kote sila yo ki jis ak pòv nan kè yo.

IV

O ti pitit, wa va sonje lanwit kou lajounen sila ki te prechew pawòl Bondye-a e ou va respekte-l, paske kote reny Granmèt preche, Granmèt la la tou. 2. Chak jou se pouw chache rete anba lonbray sen yo, pouw ka jwenn repo nan pawòl yo. 3. Ou pa dwe lakòz divizyon, men chache mete lapè nan mitan advèsè yo, wa jije ak jistis e ou pa va fè diferans ant moun wap wap korije sa yo fè ki mal. 5. Ou pa dwe ap doute si (yon bagay) ap rive ou non.

5. Sa pa dwe rive pou-w resevwa ak menw laj epi pou wap koukoumanl, lèw dwe bay. 6. Si gras ak fòs ponyèt ou, ou gen (yon bagay). Wa pataje pou-w jwen-n padon pou peche-w yo. 7. Bay san gade dèyè, ni pigaw plenyen, konsa wa konnen kilès ki bay vrè rekonpans la. 8. Pa kraze kwiy pòv la, men wa pataje nan tout saw genyen ak frèw la, san-w pa reklame dwaw sou li. Mezanmi, si nou pataje ansanm byen ki pap pase yo, eske nou ka gen limit nan sa kap pouri yo.

9. Ou pap retire proteksyon-w sou pititgason-w ak pitit fi-w, men pito depi-l tikatkat montrel gen krent pou Bondye. 10. Frè-w la ki kwè nan menm Bondye ak ou-a, pa bay lòd lè-w an kòlè, konsa li pap pèdi krent pou Bondye ki sou tèt ni ou ni la-a. Paske li pa rele moun sou figi, men li vini pou sila yo lespri-a te pare ap tann yo. 11. Kanta noumenm sèvitè yo, dispoze nou nan sèvis patron nou yo, tankou lè nap sèvi Bondye, ak respè, ak krent.

12. Pa tolere ipokrizi , ni anyen ki pa fè Bondye plèzi. 13. Pa dezobeyi lwa granmèt la, men fè tout sa-l kòmande san retire, ni mete. 14. Nan reyinyon piblik yo, wa konfese peche-w yo e ou pa va parèt kot granmèt la ak konsyans ou sal. Sa se chimen la vi-a.

V

1. Men wout lanmò a : Li an kachèt e plen ak malediksyon: se tiye moun, fè adiltè, plezi lachè, fònikasyon, vòl, adore zidòl,fè maji, bwè pou sou, entelijan, fè manti sou moun, ipokrizi, fè bagay ak de kè, volè, gran dizè, fè kòken, awogan, ava, di vye pawòl, anvi, pale lèd, ògèy, fè wè, awogans, . 2. Pèsekitè inosan yo, moun ki pa vle tande verite, renmen bay manti, ki pa konn jan lajistis bon, ki pa attaché ak byen, ni ak bon bagay, ki entelijan non pa nan fè mal, men nan fè byen, moun sa yo, dosilite ak pasyans pa ret pre yo, yo renmen vanite, ki ap laches rekonpans, yo pagen pitye pou pòv, yo pa soufri ak sila yo kap soufri, yo pa rekonèt Bondye ki fè yo a, asasen timoun, ki elimine nan avòtman yon kreyati Bondye, yo pa okipe sila yo ki nan bezwen, yap fè ti pòv yo pase mizè, avoka gwo potanta yo, men kap fè pòv yo enjistis, yo plena k tout move lide. Fè atansyon pitit mwen ak tout fot say o.

VI

1. Veye pou pèsòn pa retire-w sou wout la lwa, paske lap kondiw deyò sa ki fè granmèt la plezi. 2. Siw ta rive pote chay granmèt la, wap vinn prop nèt, men siw pa ta kapab, fè ti saw kapab la. 3. Kanta nan sak gade manje, chache sipòte meziw kapab, men kèlke swa kondisyon an, ou pa gendwa goute ditou vyann prezante devan zidòl yo, paske (manje yo), se adore zidòl.

VII

1. Nan sa ki gade batèm nan, men kijan pou nou fè-l, apre nou fin-n eksplike tout prinsip sa yo, batize nan non Papa, ak pitit la, ak lespri sen-an, nan dlo vivan. 2. Siw pa genyen-l, batize nan lòt dlo, si-w pa ka nan dlo fret, batize nan dlo cho. 3. Si sa rive ou pa jwenn pyès nan de-a, vide dlo sou tèt li twa fwa nan non Papa ak Pitit la ak Lespri Sen-an. 4. E anvan batèm nan, se pou moun kap batize-a depi yon-n oubyen de jou.

VIII

1. Jèn nou yo, pa fè menm lè avèk ipokrit yo, yo menm yo fè jèn dezyèm ak senkièm jou nan semèn nan, nou menm fè jèn katrièm jou a, ak jou preparasyon-an. 2. Menm priye nou pa dwe priye menm jan avè yo, men se pou nou fè jan granmèt la te montre-l nan levanjil la, priye konsa: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou reny ou an tabli, se pou volonte ou fèt , sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen chak jou a banou li Jodi a, padone sa nou fè yo , tankou nou padone moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men deliver nou ak sa ki mal; paske se oumenm ki gen tout pouvwa, depi tou tan e pou tou tan. 3. Priye konsa, twa fwa pa jou.

IX

1. Nan lames, men kijan pou nou fè lanj Bondye: 2. Anvan pou vè a: Nou diw mèsi papa nou, pou bèl lavi sèvitèw la David, kew fè nou konnen pa mwayen Jezi sèvitèw la. 3. Apre sa pou ti moso pen an: Nou di-w mèsi Papa, pou lavi ak konesans ou fè nou rive jwenn pa mwayen Jezi sèvitèew la. Lwanj pou ou pou toutan gentan. 4. Menm jan ti moso pen sa te gaye tout kote anba syèl la ekounye a li rasanble fè yon sèl la, se konsa legliz ou va rasanble sou tout kwen tè a nan rèy ou-a ; paske se oumenm ki gen tout lwanj ak tout pouvwa, pa mwayen Jezi pou toutan. 5. Men pèsòn pa gen dwa manje, ni bwè nan koinyonw nan san li pa nan pami moun yo ki batize nan non granmèt la, paske se pou sa tou granmèt la te di, pa jete bagay ki sen yo bay chen.

X

1. Apre nou fi-n manje, konsa na mèsi : 2. Nou diw mèsi, Papa nou, pou non ou ki sen an, ou fè Abite nan kè nou, pou konesans, lafwa, ak lavi ki pap janm fini-an, ke ou fè nou konnen pa mwayen jezi sèvitèw la. Tout lwanj sepou ou pou toutan gen tan. 3. Oumenm granmèt ki gen tout pouvwa, ou kreye tout bagay pou lwanj non ou, ou bay tout moun manje ak bwè pou yo satisfè, pou fè lwanj ou, men noumenm ou banou yon manje espesyal ak lavi ki pap janm fini-an pa mwayen sèvitèw la. 4. Pi plis toujou nou diw mèsi paskew gen pouvwa. Lwanj pou ou pou toutan. 5. Sonje Granmèt, legliz ou a, protejel anba tout sa ki mal e fèl vi-n pi bèl nan renmenw nan, fèl vi-n sen, rasanblel nan kat kwen reny ou-a ki prepare pou ou-a.Paske se oumenm ki gen tout pouvwa, ki merite lwanj pou toutan. 6. Se pou gras ou pote byen pou tè sa-a. Ozana pou kay David la. Se pou moun ki sen an vanse, sila kip a sen an se pou-l rekonèt fot li. Maranata. Amen. 7. Pwofèt yo menm, pèmèt yo fè lwanj pou ou ak kè kontan.

XI

1. Kounye-a, si yon moun vi-n rakonte nou, tout bagay sa yo ki ekri anvan yo, tande-l ; 2. Men si menm li menm nan vi-n mechan, e lap rakonte nou lòt kalite bagay poul kraze sa nou déjà konnen yo, pa koutel ; men si lap pale ak nou, pou fè nou grandi nan jistis ak konesans Granmèt la, akeyil tankou se te Granmèt la.

2. 3. Pwofèt yo ak apòt yo, aji avè yo jan pawòl levanjil yo di nou an. 4. Chak apòt ki vini kote nou, se pou li jwenn akèy jan Granmèt la ta dwe jwenn li. Men li dwe rete yon sèl jou, li ka fè de si li gen bezwen, men si li kòmanse fè twa jou, se yon fo pwofèt. Lè apòt la prale, li pa dwe pran anyen anplis kantite pen ke-l bezwen poul rive kote-l prale-a; si anplis li mande lajan, se yon fo pwofèt.

6. Piga nou doute ni jije, okenn pwofèt ki va pale ak fòs lespri sen an, paske kelkeswa peche va jwenn padon, men peche sa-a(kont lespri sen-an) pap gen padon. 8.Men se pa tout moun ki pale ak fòs lesprisen an ki pwofèt, men sèlman sila yo ki viv selon abitid Granmèt la, donk se nan jan yo viv nap dekouvri kiyès kif o a ak kiyès ki pwofèt la. 9. Tout pwofèt ki va drese tab paske lespri sen an mande yo, evite manje ladan, si non se yon fo pwofèt. 10. Tout pwofèt , ki va di laverite, men kip a mete yo an pratik sa lap di yo, se yon fo pwofèt. Tout pwofèt ki aksepte kòm bon, ki ap travay pou misyon legliz la sou tè a, men ki pa fòse nou fè sa lap fè yo, nou pa dwe jijel, paske se sou kont Bondye jijman-l ye, se konsa ansyen pwofèt yo te ye. 12.Si yon moun di nou ak fòs lepri sen an, banm lajan pou yon lòt bagay, pa koutel, men si li di nou bay pou yon lòt ki nan bezwen, pèsòn pa dwe jijel.

XII

1.Nenpòt ki, depil vini nan non Granmèt la, se pou nou akeyil. Apre nou finn testel, na konnenl, e konsa na konprann sans adwat ak agòch la. 2. Ma si sila ki rive a, se sou rout li ye, ede-l selon posibilite nou, men li pap gen dwa rete nan mitan nou plis ke de ou twa jou, si ta gen bezwen. Nan ka li ta vle rete nan mitan nou, kel pratike yon metye pou-l travay epi manje. Sil pa gen okenn metye, ak bon konprann nou, chache kòman yon kretyen ka viv bò kote nou san-l pa yon voryen. Si li pa vle konpòtel konsa, sèke se biznis lap fè ak kris la. Fè atansyon ak kalite moun sa yo.

XIII

1. Nenpòt pwofèt ki ta vle ret nan mitan nou, li merite pou nou pran swen li. 2. Menmjan yon vrè dòktè merite, viv sou metye-l. 3. Poutèt sa Wa pran premye nan tout fwi travay ou yo, bèf ak mouton, e wa bay pwofèt yo li, paske se yo menm ki pè anchèf nou yo. 4.Men si nou pa gen pwofèt bay pòv yo li. 5. Si se pen ou fè, pran premye yo, fè jan prinsip la di-l la. Menmjan si ou louvri yon konsèv diven oubyen lwil, pran premye kantite ou mete yo, bay pwofèt yo li. 7. Nan lajan, rad ak tout saw posede, pran , jan sa sanblel bon pou ou, e bay jan prinsip la mande-a.

XIV

1. Nan jou Granmèt la, reyini, pataje pen an e di mèsi apre nou fi-n rekonèt peche nou, konsa sakrifis nou an va pwòp. 2. Men tout sila yo ki gen diskisyon ak pwochen li yo, yo pa gen dwa, rejwenn nou anvan yo rekonsilye, pou sakrifis nou an pa gate. Vrèman vre, se sou sakrifis granmèt la te di : Tout kote, toutan, ofri pou mwen yon sakrifis pwòp, paske mwen se yon gran Wa-se sa Granmèt la di, e nonm se yon mèvèy nan mitan payen yo.

XV

1. Kidonk fè eleksyon pou nonmen evèk ak diak ki diy pou Granmèt la, moun ki gen bonjan, kip a dèyè enterè, ki fran e ki merite konfyans, yo menm tou, yap fè pou nou menm travay ak pwofèt yo doktè yo tou. 2. Pou tèt sa, pa gade yo ak fon oten, paske sila yo, ansanm ak pwofèt yo epi tou doktè yo,tout ansanm, yo nan mitan nou, se yomenm kap voye je sou nou.

2. Pote koreksyon yonn pou lòt, pa nan fè move jan, men nan lapè, jan nou genyen l nan levanjil la. Nenpòt kiyès ki rive fè frèl la mal, piga pèsòn pale ak li, li pa gendwa jwenn yon pawòl nou jiskaske li rekonèt fot li. 3. Epi fè priyè nou yo, lacharite, ak tout zèv nou yo jan nou jwenn yo nan nan bòn nouvèl Granmèt nou an.

XVI

1. Fè atansyon sou jan nap mennen lavi nou. Pa tenyen lanp nou yo ni pa demare ren nou, men rete toujou pre paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou-an ap vini. Rasanble souvan pou nou chache sa ki bon pou nanm nou, paske tout tan nou fè ap viv nan lafwa pap itil anyen si nou pa pwòp nan dènye moman-an. 3. Vrèman vre nan dènye jou yo, fo pwofèt yo ap vinn pi plis ansanm ak machann pèdisyon yo, bon mouton yo a va tounen lou, e renmen va chanje an rayisans ; 4. Jistan mechanste-a va fi-n pran pye nan mitan yo, yonn va rayi lòt, yonn va pèsekite lòt e youn va trayi lòt, e lè sa, Gwo kòken nan mond la a va parèt tankou pitit Bondye, e va fè mirak ak gwo mèvèy, e yo va remèt tè a nan men li, e li va fè mechanste ki potko janm fèt depi tan lontan yo. 5. E lè sa ras lèzòm nan pral pase anba dife eprèv la, anpil va eskandalize e ya va peri, men sila yo ki va reziste nan lafwa yo, yo va sove anba jijman malediksyon sa-a. 6. E lè sa-a, gran senbòl laverite a va parèt: Premye siy lan se syè la ki va ouvè, apre sa gran mizik twonpèt la va sonnen, e twazyèm nan se leve soti pami mò yo. 7. Pa tout, men jan sa te di-a : «  Granmèt la pral vini e tout sen yo ansanm ak li. Lè sa-a mond nan va wè Granmèt la kap vini sou nuaj yo nan syèl la. »